Magazine Union Chrétienne

Magazine Union Chrétienne

Share

Union Chrétienne

08/31/2026

Pou ou zanmi m, lil byen l, siw kwe di Amen

08/22/2026
08/22/2026

Hm Jezi ooo Yon jou, yon jèn gason monte nan yon bis. Menm lè a, yon moun fou kouri nan direksyon bis la, li touche jèn gason an epi li di li: "Sal fou! desann soti la". Tout moun te sezi ap ri nan vrè fou a. Fou a pwoche, li repete jèn gason an: "Sal fou, mwen te di w desann machin sa". yon dezyèm fwa tout moun ri ankò. Kounye a otobis la te plen pasaje e li te tan pou l ale. Chofè a ta pwal kòmanse derape bis la epi toudenkou, yon twazyèm fwa, moun fou a kouri kanpe devan machin nan epi li di: "Sal fou! Mwen di ou dwe soti nan machin nan, ou pa vle tande?" Jèn gason an nan machin nan te twouble anpil. li te panse pou kèk segond epi li di chofè a kanpe, ke li te vle desann bis la. Pasaje yo te refize li desann te dil pa okipe moun a, men li desann kanmenm. 20 minit apre jèn gason an te aprann bis li ta dwe pran an te gen yon aksidan e pèsonn pat sove
BONDYE konn priye toujou sove pitit li yo. Se li menm ki sèvi ak nenpòt moun an favè ou. Ou menm ki pran tan w ak tout imilite w pou tape "AMEN" tankou jèn gason sa ki te humble devan yon moun fou, Ke Bondye sèvi ak Wa, dirijan, gwo pèsonalite piblik, menm Prezidan an favè w nan moman difisil ou yo Amèn
Magazine Union Chrétienne pataje, patajel 17 fwa

08/21/2026

Oooo Jezi granYon dam 29 ane te anvi marye, men pèsonn pat ofril bag la; chak gason kite apwoche l te toujou fini pa desevwa l. Men, li te fidèl ak Bondye li a. Yon jou, LespriSen Bondye te pale nan pastè li a, li te di ke bag maryaj li a te fèmen nan yon boutèy satanik pa grann li e ke li ta dwe priye pandan twa jou san rete pou l ka libere.
Nan twazyèm jou a, li te reve ke yon dam aje te vin ba li bag li, li te di: "Mwen te prèske mouri pandan twa jou sa yo akòz dife a, e men bag ou a, kite m trankil." Li te reveye; se te yon rèv.
Twa mwa apre, yon jèn gason 32 ane te vin fè yon demann maryaj ba li, e kèk tan apre, yo te marye.
Cheri, tan pou mirak yo poko pase. Finans, travay, maryaj, matènite ak sante anpil moun bloke pa sòsyè. Sou sa, mwen deklare bay nenpòt moun ki pran tan pou ekri "AMÈN" epi pataje l nan 7 fwa, Se pou tout sa dyab la te antere nan ou menm resisite nan non Jezikri?!
Fè de aksyon sa yo epi li fini! Glwa pou Bondye! Magazine Union Chrétienne

08/19/2026

Mèsi anpil Jezi "Mesye ki te ansent mwen an te mande m pou m fè avòtman paske li pat pare poul vin papa nan momaj, li te di li te twò jèn pou l vin papa e ke tibebe a tap sèlman yon distraksyon nan avni li.

Dapre li, li te gen plan poul vin rich anvan l te oblije panse poul fonde yon fanmi.

Mwen pat pare pou yon avòtman, donk mwen te refize. Li te sispann reponn apèl mwen yo epi li te abandone m ak gwosès la.

Mwen pat ka jwenn li okenn kote. Bon zanmi l te revele m ke li te ale Doubay.

Mwen te ansent kat mwa nan moman sa a, e chak fwa mwen tal lekòl, kèk nan zanmi m yo ak kamarad klas mwen yo te konn pase m nan rizib.

Yon lè, mwen pat ka sipòte l ankò paske mwen se yon moun timid, donk mwen te kite lekòl.

Jis a tan, kèk mwa apre akouchman, mwen te retounen lekòl e mwen te gradye kanmenm.

Kèk mwa apre gradyasyon, mwen te jwenn yon travay ki byen peye.

Kounye a, mwen gen twa reyalizasyon presye pou ki mwen ka di Bondye mèsi: Yon diplòm ak yon pitit gason adorab ak yon..." Yon travay pèmanan ki byen peye.

Avòtman pa janm yon opsyon. Timoun se yon benediksyon Bondye, mwen kwè benediksyon mwen yo soti nan pitit mwen an ♥️.

Pafwa, tibebe ki nan vant ou a ka jis tikè ou pou benediksyon abondan Bondye yo nan lavi ou ♥️🥰, li te ekri. Pataje l Magazine Union Chrétienne

08/04/2026

Si w poko dòmi lopital depi premye janvye pou rive jodi a, itilize yon minit pou w di Bondye mèsi pou sa 🙏🏾🙌🏾

07/25/2026

JEZI KRAZE SÈKÈY POU OU DEJA?
Yon nèg madanm li te ansent. Yon swa, aprè yon ti diskisyon, yo ale dòmi.

Nan mitan lannwit, vant fi a kòmanse fè l mal anpil. Nèg la kouri rele taksi pou mennen l lopital.

Lè yo rive, doktè a egzamine l epi li di:
"Msye, madanm ou fè eklanpsi, li pa gen vi ankò. Li mouri."

Nèg la tonbe kriye, li mete ajenou devan pòt lopital la epi li di:
"Jezi, mwen se sèvitè w! Fè m kado bebe a menm si madanm mwen mouri!"

Doktè yo fè operasyon an prese, bebe a soti vivan, san okenn pwoblèm!

Men nèg la pa sispann priye, li rele:
"Jezi papa m! Mwen konnen madanm mwen pa mouri! Reveye l pou mwen tou papa!"

Doktè yo di l: "Msye ou fou? Li mouri depi lè l vini an. Nou fin fè operasyon an, anyen pa mache nan kò l ankò."

Nèg la reponn: "Dok, se dòmi l ap dòmi. Pa rele anbilans pou mennen l mòg la. Ban m 5 minit priyè toujou!"

Dlo anvayi je l, li kontinye jene, li di: "Seyè, kilè w ap reveye madanm mwen k ap dòmi an pou l ka vin pran swen pitit li a?"

Epi toudenkou... kè fi a fè ZIP! Li bat!

Doktè yo kouri mete l nan sewòm, li revini!

Nèg la gade doktè yo epi l di: "Mwen te di nou se dòmi li t ap dòmi! Bondye se sipriz li t ap fè m pou m te ka rekonèt grandè l!"

Epi nèg la tonbe chante: *"JEZI KRAZE SÈKÈY LA LAKAY MWEN..."*

Si w kwè Jezi kapab kraze sèkèy ou deja, pa neglije pataje istwa sa a si w rekonèt grandè Bondye.

Bondye beni w!

*Magazine Union Chrétienne 👍🏾 Peze ti gri a Abòne*

07/14/2026

Ey zanmi m pa dekouraje, menm si jodi a sanble difisil. Chak nwit gen yon maten. Kontinye priye, kontinye kwè, epi pa lage. Bondye wè dlo nan je ou, Li konnen batay ou, epi nan bon moman Li ap louvri yon chemen pou ou. Kenbe lafwa, paske avèk Bondye toujou gen espwa. 🙏❤️

07/14/2026

Yon dam 28 ane te anvi marye, men pèsonn pat ofril bag la; chak gason kite apwoche l te toujou fini pa desevwa l. Men, li te fidèl ak Bondye li a. Yon jou, LespriSen Bondye te pale nan pastè li a, li te di ke bag maryaj li a te fèmen nan yon boutèy satanik pa grann li e ke li ta dwe priye pandan twa jou san rete pou l ka libere.
Nan twazyèm jou a, li te reve ke yon dam aje te vin ba li bag li, li te di: "Mwen te prèske mouri pandan twa jou sa yo akòz dife a, e men bag ou a, kite m trankil." Li te reveye; se te yon rèv.
Twa mwa apre, yon jèn gason 32 ane te vin fè yon demann maryaj ba li, e kèk tan apre, yo te marye.
Cheri, tan pou mirak yo poko pase. Finans, travay, maryaj, matènite ak sante anpil moun bloke pa sòsyè. Sou sa, mwen deklare bay nenpòt moun ki pran tan pou ekri "AMÈN" epi pataje l nan 7 fwa, Se pou tout sa dyab la te antere nan ou menm resisite nan non Jezikri?!

Fè de aksyon sa yo epi li fini! Glwa pou Bondye! Magazine Union Chrétienne

04/29/2026

Nan Klas 9e.AF yon ti gason ki gen 14 ane tonbe amoure Prof ki fè fransè pou li a. Nan Egzamen aprè yo fin konpoze, misye ekri yon lèt li kole'l anba fèy li tap konpoze a epi tout elèv remèt fèy y'ale.....
7 jou aprè jèn ansenyant lan pran fèy yo pou'l korije li tonbe sou fèy ti gason an😲 li etone wè lèt la li li'l e wè tout bèl mo ti gason an di'l......
Lè lekòl ouvè tout elèv te gentan nan sal la👩 epi men bèl ansenyant lan kap antre nan sal la bèl kwafi li, tèt bouda'l men longè....
Li kòmanse ap remèt kopi fèy yo epi li kite fèy piti a an dènye, li lonje'l bali ak yon nòt 16/20
Li gade misye nan zye li dil map tann ou lan sal profesè yo ok ! Epi pa bliye tou mache ak valiz ou.
Epi ansenyant lan ale devan...
😥Ayyy misye komanse ap enkyete, lap pale nan kè'l sakap pase la?

😂😂😂 tout lòt elèv yo kòmanse ap di misye..
Woyy ou antrave!! Yo pral touye'w e depi yo rele'w nan sal prof yo deja mete'w deyò lekòl la.

Misye reziye'l li leve l'ale epi pandan lap antre nan sal la kè'l ap sote telman li pè.
😲woyyy epi se lè sa map raple'm se jodi a Abònman entènèt mw fini konpayi a tou vin koupe interne la

Ou vle konnen sa ki pwal pase abone Magazine Union Chrétienne
Pa bliye patajel nap tounen demen pou swit istwa👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾

Want your business to be the top-listed Beauty Salon in Boston?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Website

Address


520 E 2nd Street
Boston, MA
63556