Mica store

Mica store

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Mica store, Santé/beauté, clercine 8 bow pompe DNC, Port-au-Prince.

13/06/2026
13/06/2026
13/06/2026

premye lane aprè akouchman yon fanm nan fwaye se yon peryòd de transfòmasyon fizik ak emosyonèl, konsa gen anpil fwaye ki divize koz fi ya pa jwenn apui maril(Papa) timoun nan jan sa ta dwe ye.
Yon fanm pèdu 700 a 800 èdtan dòmi pandan premye lane aprè yon bébe fin fèt.
Gen gason se nan moman sa yo pwofite twonpe madanm yo, paske kò fi a dispozisyon fi a ak humeur li chanje ki se yon bagay nòmal aprè akouchman.
1- Li enpòtan avan yon fwaye gen timoun poun konvèse kòman woutin nou yo ap chanje e divize tach yo antre nou.

2-Manman dwe fokus nan rekiperasyon , ak bay timoun nan tété, pandan ke Papa ak pran an chaj òganizasyon kay la ak lòt swen ki gen rapò ak bébé an.

26/05/2026

Men poukisa moun renmen manje savon sitou fanm ansent yo, pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans paske anpil fwa se lè moun sa yo gen gwo vant fè mal oubyen trip bouche paka twalèt yo kouri lopital , se opere yo konn opere yo pou sove vi yo

Depi tou piti nap tande moun ap manje tè, cheve,zong, savon gen moun menm ki konn vale chèn, zegui, jilèt etc... anpil fwa nou pa bay sa enpòtans jiskaske yon bon lè moun sa ap kòde vant fè mal , sa konn rive yo paka twalèt trip yo bouch paske kò an paka dirije sa yo manje yo, sa konn rive estoma oubyen trip yo konn pete epi tout bagay gaye nan vant yo

m te li yon atik de yon ka ki te fè pale de li an Inde kote yon moun ki tap plenyen de vant fè mal lè yo fèl sono yo wè yon bann objè tranchan, lè yo operel yo jwenn 33 objè tranchan nan estomal tankou zegui, jilèt, etc...

Se sa yo rele maladie de Pica se le fèt ke yon moun manje yon bagay ki pa kosmetib pandan plis ke yon mwa, nan sijè sa nou pral pale de manje savon ke anpil fwa fanm ansent yo viktim de sa, li nòmal lakay bebe paske sa fè pati de devlopman yo , yo pako ka diferansye sak ka manje a sak paka manje e sak fè fow veye bebe yo paske yo toujou ap met nenpòt bagay nan bouch yo, lè timoun nan vin ka diferandye sak ka manje a sak paka manje li pa nòmal...

Anpil fwa se moun ki gen pwoblèm mantal ki renmen manje savon menl ka konsène moun ki nòmal, yo jwenn li anpil lakay moun ki gen karans a yon minewo, sitou an fer, fanm ansent anpil fwa gen tandans manke "fer"sitou si yap mal manje se sak fè yo remake anpil fanm ansent gon anvi manje savon,lè konsa yo konn pa vle bwè fer doktè preskri yo , kò an pral eseye konpanse mank" fer"sa ,li pral pouse yo manje manje yo pa ta dwe manje

Ki danje ki gen nan sa
Danje an se ke estoma konn paka dijere yo, sa ki konn koze yal bouche nan trip la, moun sa yo konn paka ni pete ni twalèt se kouri opere yo rapid paske trip la konn pate e twalèt gaye nan vant yo , sa ki konn met vi yo an danje

Konsèy a sa se :
-manje ekilibre , fanm ansent pran sipleman doktè preskri nou yo
-si sa pa pase nou dwe al wè Dr

Like & pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

Photos from Mica store's post 26/05/2026

Vin prepare summer ou avem siw bezwen lew mete yon bout pantalon poul byen chita sou ou pou boudaw mate ladanl , lew mete yn têt kosaj pou zokot ou pa griyen ladanl vin pran siwo AK protéines paw la kounya
Ou menm kap travay di, ou mnm kap fé sport , ou mnm kap fé denwi vin pran kit prise de poids paw la nan menm ekrim ou byen relem nan 47093185 ou 40461326

23/12/2025

Si sa konn rivew Enben tande sa….Kò ou fè anpil reyaksyon chak jou san ou pa reyalize poukisa. Men tout sa gen yon rezon.
Reyaksyon sa yo pa fèt pa aza yo gen wòl pou yo jwe: swa pou pwoteje w, alèt ou, oswa kenbe kò a fonksyone nòmal. Men 10 reyaksyon natirèl kò ou fè, ak sa yo vle di:

1. Òkèt
Li parèt lè w ap vale vit, ap respire fò, oswa santi w boulvèse. Se yon fason pou kò a mete fren sou dyafram nan pou di: “Rale fren, ou twò prese!”

2. Baye
Li pa senpleman parese. Baye se yon mwayen pou ogmante oksijèn nan sèvo a epi bese chalè entèn lè w fatige oswa anwiye.

3. *Detire san rezon*
Lè ou santi w detire san ou pa planifye li, se kò a k ap mete sistèm ou an sou pye ankò: li debloke sikilasyon, aktive misk yo epi wete letaji.

4. *Estène*
Lè ou etènye, se kò a k ap mete deyò mikwòb, pousyè oswa polèn. Se yon refleks defans pou netwaye pasaj nen an.

5. *Chè de poul*
Lè w frisonnen, kò a ap eseye konsève chalè oswa fè fas ak laperèz. Se menm jan bèt yo gonfle plim yo pou fè fas ak danje.

6. *Tretman nan je (twiching)*
Si ou santi po je w ap tranble, li ka soti nan mank dòmi, estrès oswa twòp kafeyin. Li se yon siyal ke ou bezwen repo.

7. *Dwèt ki vin plise nan dlo*

Sa ede w pi byen kenbe bagay nan yon anviwònman glise. Se yon adaptasyon kò a devlope pou fonksyonalite.

8. *Kriye san reyal rezon klè*
Lanm dlo je netwaye je a, elimine iritan epi soulaje chaj emosyonèl. Kriye se terapi natirèl.

9. *Ti pantan lè w prèt pou dòmi*
Ti sekous sa yo se sèvo a k ap verifye si tout bagay mache byen anvan ou tonbe nan dòmi fon.

10. *Bliye lè w sou presyon*
Sèvo a, lè li chaje ak estrès, pa gen tan ni espas pou “klasifye” enfòmasyon. Se poutèt sa ou konn bliye bagay fasil.

Kò ou toujou ap voye mesaj. Pa inyore siy li yo.*
Chak sentòm se yon fòm kominikasyon. Koute kò ou, li toujou konnen sa l ap fè. Edem pataje siw te renmen enfomasyon sa yo…

Photos from Mica store's post 18/12/2025
Photos from Mica store's post 17/12/2025

Men gwo tonton spécial nou tap tann pou mwa desanm nan vini vini vin fè komes nou bel ak yn tikal kob selman e ou mnm ki poko komanse bizniss ou kisaw ap tann ak Mica store c moman paw la adresse nou c klesine 8 bow pompe DNC ya nou fé livraison tou kontakte nou nan 47093185 ou 40461326 💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃💃

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Clercine 8 Bow Pompe DNC
Port-au-Prince