ACUL- DES-PinS View.APV

ACUL- DES-PinS View.APV

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ACUL- DES-PinS View.APV, Santé/beauté, Acul-des-pins, Ouanaminthe.

22/09/2026

Les funérailles de Monsieur JACCIUS HONORÉ seront chantés ce mardi 22 Septembre 2026, en l'eglise Catholique Sacré-Cœur D'Acul -Des-pins vers 9h du matin.

Que son âme repose en paix dans la maison du segneur!

Photos from ACUL- DES-PinS View.APV's post 22/09/2026
Photos from ACUL- DES-PinS View.APV's post 22/09/2026

OUVÈTI LEKÒL NAN SEKSYON KOMINAL AKIL-DÈ-PEN

Akil-dè-Pen, Lendi 21 Septanm 2026 — Apre plizyè semèn kote Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te anonse ouvèti ane akademik 2026-2027 la, plizyè lekòl prive ak lekòl leta nan seksyon kominal Akil-dè-Pen ouvri pòt yo jodi a pou resevwa elèv yo.

Nan kad premye jounen ouvèti lekòl la, ekip Acul-des-Pins View (APV) te vizite kèk etablisman lekòl nan seksyon kominal la pou pran imaj epi bay popilasyon an yon apèsi sou jan lekòl yo te demare ane akademik la.

Pami lekòl APV te vizite yo, nou jwenn:

- École Nationale Georges Pierre d’Acul-des-Pins
- École Nationale d’Acul-des-Pins
- École Vision Millénaire d’Acul-des-Pins
- IBMA – Institution Baptiste Maranatha d’Acul-des-Pins

Se kat etablisman sa yo ki fè pati lekòl ekip APV te vizite nan kad ouvèti ane akademik 2026-2027 la nan seksyon kominal Akil-dè-Pen.

Pandan vizit la, kèk responsab lekòl te mete aksan sou enpòtans edikasyon pou avni timoun yo ak devlopman kominote a. Daprè yo, pa ka gen yon demen miyò san edikasyon. Yo ankouraje paran yo pou kontinye voye pitit yo lekòl epi ankouraje elèv yo pou pran etid yo oserye.

PWOBLÈM KI RAPÒTE NAN LEKÒL NASYONAL AKIL-DÈ-PEN AN

Malgre lekòl yo ouvri pòt yo, kèk difikilte toujou ap soulve enkyetid nan kominote lekòl la, sitou nan École Nationale d’Acul-des-Pins.

Daprè enfòmasyon APV resevwa, gen kèk paran, elèv ak pwofesè ki eksprime enkyetid yo konsènan absans kèk pwofesè ak kondisyon travay nan lekòl la. Gen moun ki fè konnen sitiyasyon sa a kapab afekte regilarite kou yo epi dekouraje kèk elèv.

Gen pwofesè ki, daprè enfòmasyon APV resevwa, ap fè fas ak pwoblèm ki gen rapò ak kondisyon travay yo ak sitiyasyon salè yo. Yo swete otorite edikatif yo pran sitiyasyon an an konsiderasyon epi chèche solisyon ki kapab pèmèt lekòl la fonksyone pi regilyèman.

APV pa t kapab verifye endepandamman tout enfòmasyon sa yo, e li rete ouvè pou resevwa reyaksyon responsab lekòl la, pwofesè yo ak Ministè Edikasyon Nasyonal la sou sitiyasyon an.

Nan sans sa a, Acul-des-Pins View (APV) lanse yon apèl bay otorite edikatif yo pou yo pote yon atansyon patikilye sou fonksyònman lekòl nasyonal Akil-dè-Pen an, yon fason pou elèv yo kapab jwenn ansèyman nan bon kondisyon epi pwofesè yo kapab akonpli misyon yo.

Edikasyon se youn nan baz devlopman yon kominote. Se poutèt sa, tout aktè konsène yo gen yon wòl pou jwe pou garanti timoun yo jwenn yon bon jan fòmasyon.

GUSTAVE GUSLIN, JOUNALIS
ACUL-DES-PINS VIEW (APV)
Tel.: 40342155 / 33154525

Guy Wewe
Acul-des-Pins Moderne & Innovation
Misthertchy Noël
Anie Alerte
Ariana Fans Media
Wanament Sa Kap fèt
Rezo Nòdès News
Diderot Loan Officer - TD Finance LLC
Q

21/09/2026

JOURNÉE MONDIALE DE LA PAIX

Lundi 21 SEPTEMBRE 2026

À l’occasion de la Journée mondiale de la paix, ACUL-DES-PINS VIEW.APV adresse ses vœux de paix, d’unité, de tolérance et de solidarité à toute la population.

Que la paix règne dans nos familles, dans nos communautés et partout dans le monde. Ensemble, cultivons le respect, le dialogue et la compréhension pour construire une société plus juste et plus fraternelle.

La paix commence par chacun de nous.

ACUL-DES-PINS VIEW.APV
PDG : GUSTAVE GUSLIN,journaliste

Tél. : 40342155

Photos from ACUL- DES-PinS View.APV's post 21/09/2026

Direktè Egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, kritike transfè Joseph Félix Badio ak 17 ansyen sòlda kolonbyen Ozetazini pou yo jije nan dosye Jovenel Moïse. Li estime desizyon sa montre feblès sistèm jidisyè ayisyen an, ki apre plis pase 5 ane poko rive òganize yon pwosè nan dosye a. Li mande pou lajistis Ayiti ranfòse pou gwo dosye konsa kapab jije nan peyi a.

Acul-des-pins view.APV

Photos from ACUL- DES-PinS View.APV's post 21/09/2026

BASQUIN LOUIMA byen fete aswè a frè m

Site Web

Adresse

Acul-des-pins
Ouanaminthe