PRA Actualités
PRA Actualités est là pour vous satisfaire en matière d'information. PRA Actualités ankourajew renmen lakay
Ti rivyè latibonit,se palais 365 portes,Fort crête à Pierrot,L'estère Beach,Fleuve Artibonite ak anpil lot potansyel tankou mine sable ak gravye.
06/10/2026
LUNDI 5 OCTOBRE 2026
Komin tirivye latibonit pase yon jounen kalm e chaje aktivite ekonomik ak agrikilti nan divès seksyon kominal yo plis sant vil la
Tout aktivite yo tap fonksyone, popilasyon an ki moutre yon ti kras konfyans anplis paske peryod kalm yo ap kontinye
Yo rekomanse envesti nan dives aktivite komesyal, netwaye kay ki te femen depi 17 mwa pase yo,genyen ki kite fèm kay yo te genyen ki te byèn chè nan lot komin e retounen vin viv lakay yo
Pou sant vil la,popilasyon an kontinye ap ogmante,plizyè antrepriz lanse,majorite jenn yo rekomanse nan aktivite lekol pwofesyonel yo oubyen klasik yo,
Nan koze transpò,wout la toujou pase nan palmis dezyem seksyon kominal la pou moto ,epi dives machin ki te bloke sou wout nan zon savannboule ouswa monowouj koumanse debloke paske lapli sispann tonbe jan sa te ye avan
Aktivite lapli yo ki bese favorize gwo kamyon machandiz,tankè gaz,ti bus,kamyonet ki konn pote machandiz rekomanse frekante wout sa pou alimante sant vil tirivye,dechapel,veret ak dezam
Vol betay,se sa kominote an ap fe fas kom flewo nan moman
Sa gen kek jou abidan nan zon degep denons bèt yo pedi nan mitan lannwit e pwofite mande bon jan anket pou konnen kijan bèt sa yo fè pedi
-ACTUALITÉS
03/10/2026
REVUE DE PRESSE 📰
ST JÉRÔME 2026
UNE PÉRIODE PARTICULIÈRE POUR LE CENTRE-VILLE
Petite-Rivière de l’Artibonite —
La période des festivités de Saint-Jérôme 2026 restera comme une séquence particulière pour le centre-ville. Contrairement aux cinq années précédentes, marquées par de nombreuses difficultés, cette année a été caractérisée par une reprise de plusieurs activités culturelles et sportives.
Dans un contexte politique et sécuritaire toujours compliqué, les Rivartibonitiens ont, à leur manière, transformé cette période en un véritable rendez-vous culturel et sportif.
Tout a commencé avec « Pase Wèm Bergeur, Yon Atè Plat », organisé les dimanches aux abords de la Place Solidarité. Les activités se sont ensuite multipliées avec différents championnats et tournois de football, dont plusieurs rencontres disputées en soirée.
DES ACTIVITÉS SPORTIVES DÈS LE PETIT MATIN
Sur la place publique, les matinées étaient notamment consacrées aux entraînements des enfants dans différentes disciplines, notamment le volley-ball et le basketball.
Dans l’après-midi, place au football avec un championnat organisé en l’honneur d’une grande figure du football local. À cela s’est ajouté un autre tournoi de football organisé par la mairie, alors même que le maire principal se trouvait à distance de la commune.
LE FOOTBALL INVESTIT AUSSI LES RUES
À la tombée de la nuit, les activités se poursuivaient dans les rues, notamment du côté de Pont Vincent, avec le traditionnel « Foot Ti Kan », considéré comme l’une des plus anciennes traditions footballistiques de cette période dans la ville.
Cette succession d’activités a donné au centre-ville une ambiance particulière pendant plusieurs jours, avec une population qui a retrouvé différents espaces de rassemblement autour du sport, de la culture et du divertissement.
WADNER PEYIZAN POUR CLÔTURER LA PÉRIODE
La période a finalement connu son point culminant avec l’arrivée sur scène de l’artiste Wadner Peyizan, devant un public venu en nombre et visiblement en quête de divertissement.
L’ambiance a atteint son paroxysme lorsque certains fans, emportés par l’euphorie, réclamaient à l’artiste les morceaux qu’ils souhaitaient entendre.
Au-delà des festivités, cette période de Saint-Jérôme 2026 aura surtout permis de mettre en lumière certaines dynamiques souvent moins visibles de la ville : sa capacité à organiser, à créer, à se divertir et à maintenir des traditions culturelles et sportives, même dans un contexte difficile.
-ACTUALITÉS
mercredi 30 Sept 2026
BON fèt st Jewom ak tout moun tirivye latibonit kelkeswa kotew ye sou planet sa
Se nan sikonstans sila, gen mès tradisyonel ki chante nan pawas ST JEWOM nan
Nou te remake prezans kek otorite, ak reprezantan otorite ki te yon ti pase
Nou te remake kek responsab PNH nan inite ki la yo, reprezantan la meri, sosyete sivil, oganizasyon peyizan, epi kek responsab pati politik ki te vin pran benediksyon nan la mès
Gwoup legliz yo te reprezante nan yon fason ou yon lot, pandan menm tan sa
Gen yon gwoup ki deja sou plas piblik solidarité a ki pral mete VODOU Atè pou Vodouvi yo vin danse
creditvideo: Journaliste Elinor fleurant
-ACTUALITÉS
30/09/2026
Byen fete tout moun PRA
Si nap konpare l ak 2016 ,2017,2018 nou ka di sa pa fèt
Men si nap konparel ak 2021,2023 2024,
Nou ka di 'n wè pi klè
Ane 2022 se te ane komisyon pou lapè tap aji
Fete nan LAPÈ, REKONSILYASYON, SEKIRITE, LANMOU
-ACTUALITÉS
Lundi 28 SEPT 2026
9h00 pm
Nou nan mitan peryod fèt ST JÉROME, kom abitid toujou genyen yon seren lapli pou wouze avan tout aktivite koumanse
Se te ka pou aswè 28 sept lan
La nou nan zon PON VENSAN kote genyen yon TOUNWA TIKAN ki koumanse aswè a
Yon seri aktivite konsa te konn fèt nan peryod 2018,2019,
Ki sanble ti kras ap reprann
-ACTUALITÉS
SAW AP FÈ ,OU SOU SA😊
Ou pa bezwen anpil, yon moto, oswa yon Machin 1 kès bier, yon kabare bannann ak griyo
Yon speaker rechajab
Dlo lestè an la ap tann ou🏍🚲🚘
OU SOU SA😊???????
28/09/2026
OK🏆
27/09/2026
Randevou 7h 00 pm
HAITI vs COSTA RICA
27/09/2026
DIM 27 SEPT 2026
9h00 Am
REZIME AKTYALITE A
Sant vil tirivye latibonit leve kalm pou maten an, men nou ka di pou moun ki te domi
Gen bel soley apre yon farinay lapli nan aswè, sa ki te pouse anpil refleksyon sou kijan moun yo tap pral pase sware a
1h 10 Am
Anpil moto te rekomanse pase moute nan bouk la, divès moun te oblije leve soti ale gade si moun pa yo libere
Se te yon kontantman pou chak paran ki rejwen pitit yo
Se te yon kontantman pou madanm ouswa mari ki kontan rejwen pwoch ki te soti alebouske lavi
Se te yon premye vag liberasyon!!
4h pou rantre 5h Am
Yon lot vag liberasyon ki ta pral sisite yon gwo denye vag kontantman epi rèl paske lavi yon kantite manb popilasyon an jwen lavi sov e rive antre lakay yo
6h 00 Am
Mès legliz pawas st jewom te deja komanse, nan mande gras pou kominote sa kap soufri plis pase 7 ane
8h am
Kilt legliz pwotestan yon lanse, ti machann nan lari
Chofe moto ki te gen moto yo reste nan palmis te deja sou wout pou ale cheche yo
Tout sa nou di la rive apati de yon solisyon alamyab ki pemet tout moun rantre lakay yo, menm si gen plisye moun ki te deja mouri, ouswa blese ki ale pran swen lopital anba men bandi yo
Pou divès moun ki nan sant bouk la, aksyon ki pase ayè samedi ralanti jan moun yo te swete enjoy moman st jewom ane 2026 la, sitou gen aktivite mizik epi match football ki te supoze fet sou plas solidarité a ki oblije kanpe nan wout epi etenn mizik
Reste sou PRA-ACTUALITÉS
27/09/2026
OPINION 📝
NAN PERYOD FÈT ST PATWON KOMIN TIRIVYÈ LATIBONIT
•Pitit tirivyè pa vle mezire chak aksyon yo poze
•Pitit tirivyè ki di yo renmen tirivyè aji ak anpil ogèy, rankine,emosyon
Jiskilè nap konprann pou nou aji ak pasyans nan chak ka ki vini devan nou
Jiskilè nap konprann yon grenn desizyon ki pran sou baz emosyon ka lakoz tout yon kominote mal viv e nan kouri
Ki kote moun sa yo ki kouri kite kay yo pral domi aswè a, pandan tan an make lapli🤔
Moun sa yo ki rete annotaj la aswè ki kote yo pral domi🤔
Absans maire prensipal la peze lou anpil, nan moman gran desizyon
Aprè sa ki fin rive la, KOMIN PRA BEZWEN yon katel ENTERIMÈ ki prezan, e sou plas
Nou pap ofanse!!!
Nap atire atansyon!!!
Nap atire bon sans kritik!!!
Nap atire bon konprann!!!
-ACTUALITÉS
Categoría
Página web
Dirección
Notificaciones
Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando PRA Actualités publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.